Pwojè Sovtaj Patrimwàn Kiltirèl Ayiti


Pwogram Fòmasyon

Pou pwofesyonèl Ayisyen nan Konsèvasyon

Kou ak atelye fòmasyon yo ap fèt pou pèmèt plizyè douzèn pwofesyonèl kap travay nan mize ak enstitisyon ki gen koleksyon byen kiltirèl, plizyè etidyan devlope kapasite yo nan metye konsèvasyon ak restorasyon.

Se ekspè nan ICCROM (Sant Entènasyonal Etid ak Rechèch pou Konsèvasyon ak Restorasyon Byen Kiltirèl), yon òganizasyon entègouvènmantal UNESCO kreye, ki ap dispanse pifò pati nan pwogram fòmasyon an. ICCROM plante katye jeneral li nan vil Wòm, nan peyi Itali.

Pèsonèl ICCROM ap travay seresere ak Sant Sovtaj Byen kiltirèl la pou elabore kou ak atelye yo pou fòme Pwofesyonèl Ayisyen nan divès disiplin ki gen pou wè ak Jesyon Koleksyon, Konsèvasyon ak Restorasyon byen kiltirèl.