Pwojè Sovtaj Patrimwàn Kiltirèl Ayiti


Patnè yo

Plizyè Òganizasyon kiltirèl potekole pou le sove Patrimwàn Kiltirèl Ayiti

Enstitisyon Smitsonyann òganize pwojè a gras ak konkou Komite Boukliye Ble peyi Etazini. Enstitisyon Smithsonian siyen yon memorandòm fòmèl ak Leta Ayisyen, atravè Komisyon pou Rekonstriksyon Nasyonal la ak Ministè Kilti ak Kominikasyon pou reyalize pwojè a. Komisyon Prezidansyèl peyi Etazini pou zafè atistik ak Imanite yo te mobilize plizyè Ajans Federal peyi Etazini pou sipòte pwojè a. Ajans Federal sa yo bay Enstiti Ameriken pou Konsèvasyon plizyè sibvansyon pou sipòte travay Konsèvatè volontè yo ap fè an Ayiti. Lig Bwòdwe te fè pwojè yon don enpòtan pou li te kapab demare. Mete sou sa, Enstitisyon Smitsonyann pase akò ak UNESCO, Komite Entènasyonal Boukliye Ble epi fè plizyè konsiltasyon ak Departmandeta peyi Etazini pou pèmèt pwojè a benefisye tout kolaborasyon ki nesesè ak lòt inisyativ entènasyonal ki an Ayiti.



Reyinyon Reskondab kiltirèl ayisyen ak ameriken ki te fèt nan Washington D.C., jou 5 me 2010

Reyinyon Reskondab kiltirèl ayisyen ak ameriken ki te fèt nan Washington D.C., jou 5 me 2010 la pou diskite sou Pwojè Sovetaj Kiltirèl la.
(Soti bògoch pou ale bòdwat) Bob Wankel, Prezidan ak KoPDG Òganizasyon Shubert; Paul Libin, Prezidan Lig Bwòdwe ak Visprezidan/Pwodiktè Jujamcyn Theatres; Margo Lion, Koprezidan Komisyon Prezidansyèl peyi Etazini pou Zafè Atistik ak Imanite yo; Nina Lannan, ansyenprezidan Lig Bwòdwe; Rocco Landesman, Prezidan Fondasyon Nasyonal Zafè Atistik; Marie Laurence Jocelyn-Lassègue, Minis Kilti Kominikasyon, Gouvènman Repiblik Dayiti; G. Wayne Clough, Sekretè, Enstitisyon Smitsonyann; Patrick Delatour, Minis Tourism ak Prezidan Komisyon Prezidansyèl pou Rekonstriksyon Nasyonal, Gouvènman Repiblik Dayiti; Francoise Thybulle, Direktris, Bibliyotèk Nasyonal Dayiti; Frantz Toussaint; Marsha Semmel, Direktris ai, Enstiti Sèvis Mize ak Bibliyotèk; Jim Leach, Prezidan, Fondasyon Nasyonal pou Zafè Atistik ak Imanite; Richard Kurin, Sousekretè pou zafè Istorik, Atisitik ak Kiltirèl, Enstitisyon Smitsonyann; Rachel Goslins, Direktris Egzekitiv, Komisyon Prezidansyèl peyi Etazini pou Zafè Atistik ak Imanite yo.


Members of the U.S. President’s Committee for the Arts and the Humanities visit the Haitian Cultural Recovery Center July 8, 2010.

Reyinyon ki tap fèt nan kad vizit manm Komisyon Prezidansyèl peyi Etazini pou Zafè Atistik ak Imanite nan Sant Sovtaj Kiltirèl la, 8 jiyè 2010. Manm Gouvènman an ak reprezantan divès ONG nan sektè kiltirèl la te prezan nan diskisyon sou Pwojè a.