Aktivite Segondè
Bay Patrimwàn Kiltirèl Ayisyen an Jarèt
Peyi Dayiti gen yon patrimwàn kiltirèl vivan ki soti nan tradisyon ak kreyativite pèp li a. Koleksyon objèda, dokiman, tablo ak lòt medya yo pa enpòtan sèlman pou listwa, pou lasyans, ak pou valè estetik yo. Men, yo la pou kontinye enspire travay atizan yo, travay atispent ak eskiltè yo, tandans mizik yo, dans, pwezi ak pwodiksyon teyat.
Enstitisyon Smitsonyann gen tan reyalize plizyè inisyativ pou ankouraje moun devlope kapasite yo genyen pou yo kreye. Moun ki ap travay nan enstitisyon sa a te prepare kèk bwat zouti ki te gen ladan yo penti, penso ak kannva pou voye bay atis ayisyen yo pou yo kapab kontinye travay. Plis pase 100 atis ayisyen te resevwa materyèl sa yo gratis.
Festival Tradisyonèl Smitsonyann (Smithsonian Folklife Festival) ki te fèt nan lane 2010 la achte pou 25,000 dola ameriken objèda atizan nan Pòtoprens ak nan Jakmèl fè, pou li te kapab revann yo nan mache festival la nan Sant Komèsyal vil Wachintonn, D.C a, soti 24 jen rive 5 jiyè. Lajan lavant lan te ede atizan ayisyen yo reponn a bezwen fanmi yo epi kontinye pwodwi lòt byen kiltirèl. Festival sa a se te yon okazyon pou Levoy Exil, yon atis pent vizyonè, ak Mireille Délismé ki konn fè tablo payèt, montre piblik la travay yo fè. Nan Festival sa a te gen yon konsè espesyal kote Boukman Eksperyans te nan tèt afich. Se te Tinès Salvan ki te louvri konsè sa a. Aktivite sa yo te mete kominote ayisyen ameriken an kanpe sou de pye militè li. Li te bay ekonomi kiltirèl la jarèt epi li te ajite lide rekonstriksyon peyi Dayiti an nan tèt piblik la.



Boukman Eksperyans ap bay yon kokennchenn konsè nan National Mall nan Wachintonn. Levoy Exil ak Mireille Délismé ap montre objèda yo pwodui.
Mize Nasyonal Da Afriken Smitsonyann nan te kòmanse yon ekspozisyon (Zèv atis kapab geri malad : Zèvda timoun ayisyen fè apre tranblemandtè 12 janvye a). Travay sa yo se rezilta yon inisyativ Elizabeth D. Preval, premyè dam peyi Dayiti a. Apre tranblemannte a, Madan Preval te voye rele atis Philippe Dodard ak konfrè atis li yo ak kèk sikològ, edikatè ak politisyen pou yo te kreye yon anviwònman kote timoun yo kapab santi yo alèz pou yo eksprime sa yo santi nan zèvda yap pwodui. Ekspozisyon sa a te montre piblik la tablo penti, ak desen jenn ayisyen sa yo te pwodui nan Atelye yo rele Plas Timoun (La Place des Enfants) ki t ap fonksyone nan kèk bis yo te fè tounen atelye. Plas timoun te ap fonksyone nan Pòtoprens ak Jakmèl. Ekspozisyon an te gen tablo Elizabeth Preval, Michele Obama, Premye dam peyi Etazini an, ak Jill Biden, lè 2 pèsonalite sa yo te vizite Ayiti dènyèman an.