Pwojè Sovtaj Patrimwàn Kiltirèl Ayiti a la pou ede sove, pwoteje, konsève ak restore travay atis ayisyen fè (desen, tablo, eskilti), pyès akeyolojik, dokiman ak eleman achitekti tranblemanntè a ak konsekans li andomaje oswa mete andanje.
Se Enstitisyon Smitsonyann (Smithsonian Institution) ansanm ak gouvènman ayisyen an, anpatikilye Ministè Lakilti ak Kominikasyon ak Komisyon Prezidansyèl pou Rekonstriksyon Ayiti a, ki òganize pwojè a nan tètkole avèk Komisyon Prezidansyèl Etazini pou Zafè Atistik ak Imanite yo. Pwojè sa a jwenn sipò nan men Fondasyon Nasyonal pou Lèza (the National Endowment for the Arts), Fondasyon Nasyonal pou Imanite yo (the National Endowment for the Humanities), Enstiti pou Sèvis Mize ak Bibliyotèk (the Institute of Museum and Library Services), Lig Bwòdwe a (the Broadway League), ak Kominote Bwòdwe a. Gen lòt finansman yo te founi pa Afimasyon Atizay Fon (Affirmation Arts Fund), Peggy Burnet, Nasyonal Ayisyen Atizay Sosyete (National Haitian Art Society), Macondo Gallery, Waterloo Sant pou Boza (Waterloo Center for the Arts), Zanmi nan Sant lan Atizay (Friends of the Art Center), Jerome ak Thao Dodson. Lòt patnè nan pwojè sa a se: Komite Boukliye Ble Etazini (the US Committee of the Blue Shield), Fondasyon Enstiti Ameriken pou konsèvasyon (the Foundation of the American Institute for Conservation), Fondasyon Konesans ak Libète (FOKAL), Sant Entènasyonal Etid pou Konsèvasyon ak Restorasyon Byen Kiltirèl (ICCROM), INESKO ak Bibliyotèk Prezidansyèl William J. Clinton.
Se Enstitisyon Smitsonyann ki ap jere pwojè a. Komite pilotaj pwojè a gen landann Enstiti Sovgad Patrimwàn Nasyonal (ISPAN), Mize Panteyon Nasyonal Ayisyen (MUPANAH), Bibliyotèk Nasyonal (BN), Achiv Nasyonal Dayiti (ANH) ak Biwo Nasyonal Etnoloji (BNE).
Fonksyònman Pwojè a
Sant Sovtaj Byen Kiltirèl yo chita nan yon batiman twa etaj anndan yon pwopriyete ki bare ak mi nan tèt Pòtoprens. Se nan batiman sa a Pwogram Nasyonzini pou Devlopman an (PNUD) te ye anvan. Enjenyè Lamarin Ameriken (US Navy) yo ak enjenyè Smitsonyann yo te evalye batiman an e yo te ba li sètifika kòmkwa li pa prezante ankenn danje pou lavi ak byen moun. Se Enstitisyon Smitsonyan ki ap jere imèb sa a ki reponn ak nòm sekirite yo aplike nan lemondantye. Travay sou sit yo ak sou byen kiltirèl yo fèt ak pèmisyon mèt yo. Tout byen kiltirèl yo rete chèmèt chèmètrès pwopriyetè yo kit yo te pou leta kit yo te pou yon patikilye. Tout pyès yo trete, dokimante epi anrejistre anba je pwofesyonèl konpetan ki soti nan Enstitisyon Smitsonyann, nan Enstiti Ameriken pou Konsèvasyon, nan Komisyon Boukliye Ble Peyi Etazini ak lòt òganizasyon ki kalifye, ki ap bay koutmen pou pwojè a vanse. Nan kad pwojè a, Sant Entenasyonal pou Etid ak Konsèvasyon ak Restorasyon Byen Kiltirèl (ICCROM) gen responsablite pou li bay moun ki ap travay nan lakilti ak etidyan inivèsite yo bon jan fòmasyon nan zafè konsèvasyon.Pwojè Sovtaj Patrimwàn Kiltirèl Ayiti
Tranblemanntè 12 janvye 2010 la touye plis pase 250 000 moun, li kite plis pase yon milyon senk san mil (1.5 milyon) moun san kay epi li kraze yon gwo pati nan enfrastrikti peyi a. Li bay patrimwàn kiltirèl peyi a yon gwo kou. Li detwi oswa andomaje moniman istorik, mize, bibliyotèk, koleksyon achiv, galrida, legliz, sal espetak, atelye atis ak mache piblik. Granmèsi ayisyen konsekan, anpil byen kiltirèl rive sove. Men pifò nan koleksyon sa yo sere nan move kondisyon alòske anpil lòt toujou anba dekonm. Se pa san rezon ayisyen yo wè patrimwàn kiltirèl yo tankou yon sous idantite ak fyète. Se yon eritaj libète ak kreyativite ki bay pèp ayisyen an kouraj pou li debat anba difikilte e espere yon landemen miyò.Yon gwo pati nan patrimwàn kiltirèl ayisyen an andanje. Gouvènman ayisyen an met tèt li ansanm ak Enstitisyon Smitsonyann epi kèk lòt òganizasyon entènasyonal pou yo reyalize Pwojè Sovtaj Patrimwàn Kiltirèl Ayisyen an.
Pwojè a bay tèt li pou objektif pou li sove, pwoteje ak konsève koleksyon da, pyès akeyolojik, pyès mize, eleman achitekti, dokiman, fim, foto, anrejistreman videyo ak odyo. Sant sovtaj byen kiltirèl la gen ladann li plizyè laboratwa, ak ekspè ki gen pou wòl pou yo ede estabilize ak restore byen nou sot pale la yo. Gen kèk ekspè ki ap ede rekipere byen kiltirèl ki anba dekonm yo, gen lòt ki ap bay kèk pwofesyonèl ak etidyan ayisyen fòmasyon nan metye ki gen awè ak konsèvasyon yo. Yon komite ki gen ladan li gwo otorite nan zafè lakilti nan leta ayisyen ap ede gade kilès nan tout koleksyon ki gen pou sove yo, yo dwe bay priyorite lè yo fin jwenn otorizasyon nan men mèt yo oubyen moun ki ap jere yo.
Pwojè a ap travay pou li prezève ak sovgade kilti peyi Dayiti lè li reyalize yon seri aktivite sou kote tankou lè li patisipe nan pwogram Smitsonyann yo ak lè li òganize kèk ekspozisyon. Media yo ap suiv pwojè a ak anpil atansyon. Konsa gen atik ki plibliye nan New York Times, Washington Post, ak nan Wall Street Journal sou pwojè a, anplis CNN ak laprès an Ayiti bay enfòmasyon sou pwojè a.

Pwojè a ap travay pou sove penti miral Katedral Sent Trinite yo.

