Sant Sovtaj Byen Kiltirèl
Se yon platfòm pou Pwojè Patrimwàn Kiltirèl Ayiti a kapab ateri
Se nan yon kay twa etaj an beton ki mezire 7600 pye kare Sant lan tabli. Kay sa a pa te sibi okenn domaj pandan tranblemandtè 12 janvye a. Se yon konplèks ki byen sekirize e ki byen fèmen ak baryè. Anvan sa, kay sa a te gen ladan biwo Pwogram Devlopman Nasyonzini (PNUD). Sant lan gen plas pou moun k ap travay yo, li gen yon espas pou yo mete rejis yo, li gen laboratwa pou konsève tablo penti, objè 3D ak eskilti, dokiman, CD ak DVD yo. Li gen espas depo pou kenbe byen sa yo an sekirite.

Sant Pou Sovtaj Byen Kiltirèl, 387 Wout Boudon, Pòtoprens