Sit Kiltirèl yo
Patrimwàn Kiltirèl Ayiti a sibi gwo domaj
Pwojè Sovtaj Kiltirèl travay sou sit kilturèl ak koleksyon tranblemanntè 12 janvye andomaje oswa menase.
Katredral Sent Trinite se youn nan sit priyoritè pwojè a. Katedral la detwi ak tout gwo òg li a. Se sèlman kèk mi sou kote nò Katedral la kir et kanpe. Anvan tranblemanntè a, Katedral la te pote 15 penti sou mi li yo. Se atis pent Centre d’Art ki te reyalize penti sa yo, ant 1947 ak 1951, anba direksyon De Witt Peters ak Selden. Apre tranblemanntè a, se sèlman 3 ladan yo ki chape. 3 penti miral sa yo se : Native Street Procession Prefete Dufaut siyen, Batèm Jezi Castera Bazile siyen ak Lasentsèn oubyen Dènye manje Philomé Obin siyen.



Katedral Sent Trinite, anvan tankou aprè tranblemanntè a ak kounye a.
Centre d’Art. Men yon lòt sit enpòtan tranblemanntè a detwi. Èv yo rive sove nan rès Sant lan, yo te sere yo nan konntenè. Gen lòt ki rete anba dekonm toujou. Yon lòt kote, pifò pati Mize Nader a kraze. Yon rive sove plizyè milye tablo. Divès lòt toujou anba dekonm.