Pwoj� Sovtaj Patrimw�n Kiltir�l Ayiti


Aktivite Segond�

Bay Patrimw�n Kiltir�l Ayisyen an Jar�t

Peyi Dayiti gen yon patrimw�n kiltir�l vivan ki soti nan tradisyon ak kreyativite p�p li a. Koleksyon obj�da, dokiman, tablo ak l�t medya yo pa enp�tan s�lman pou listwa, pou lasyans, ak pou val� estetik yo. Men, yo la pou kontinye enspire travay atizan yo, travay atispent ak eskilt� yo, tandans mizik yo, dans, pwezi ak pwodiksyon teyat.

Enstitisyon Smitsonyann gen tan reyalize plizy� inisyativ pou ankouraje moun devlope kapasite yo genyen pou yo kreye. Moun ki ap travay nan enstitisyon sa a te prepare k�k bwat zouti ki te gen ladan yo penti, penso ak kannva pou voye bay atis ayisyen yo pou yo kapab kontinye travay. Plis pase 100 atis ayisyen te resevwa matery�l sa yo gratis.

Festival Tradisyon�l Smitsonyann (Smithsonian Folklife Festival) ki te f�t nan lane 2010 la achte pou 25,000 dola ameriken obj�da atizan nan P�toprens ak nan Jakm�l f�, pou li te kapab revann yo nan mache festival la nan Sant Kom�syal vil Wachintonn, D.C a, soti 24 jen rive 5 jiy�. Lajan lavant lan te ede atizan ayisyen yo reponn a bezwen fanmi yo epi kontinye pwodwi l�t byen kiltir�l. Festival sa a se te yon okazyon pou Levoy Exil, yon atis pent vizyon�, ak Mireille D�lism� ki konn f� tablo pay�t, montre piblik la travay yo f�. Nan Festival sa a te gen yon kons� espesyal kote Boukman Eksperyans te nan t�t afich. Se te Tin�s Salvan ki te louvri kons� sa a. Aktivite sa yo te mete kominote ayisyen ameriken an kanpe sou de pye milit� li. Li te bay ekonomi kiltir�l la jar�t epi li te ajite lide rekonstriksyon peyi Dayiti an nan t�t piblik la.

Boukman Eksperyans presents a rousing concert on the National Mall in Washington.
Levov Exil demonstrates his art.
Mireille Delisme demonstrates her art.

Boukman Eksperyans ap bay yon kokennchenn kons� nan National Mall nan Wachintonn. Levoy Exil ak Mireille D�lism� ap montre obj�da yo pwodui.

Mize Nasyonal Da Afriken Smitsonyann nan te k�manse yon ekspozisyon (Z�v atis kapab geri malad : Z�vda timoun ayisyen f� apre tranblemandt� 12 janvye a). Travay sa yo se rezilta yon inisyativ Elizabeth D. Preval, premy� dam peyi Dayiti a. Apre tranblemannte a, Madan Preval te voye rele atis Philippe Dodard ak konfr� atis li yo ak k�k sikol�g, edikat� ak politisyen pou yo te kreye yon anviw�nman kote timoun yo kapab santi yo al�z pou yo eksprime sa yo santi nan z�vda yap pwodui. Ekspozisyon sa a te montre piblik la tablo penti, ak desen jenn ayisyen sa yo te pwodui nan Atelye yo rele Plas Timoun (La Place des Enfants) ki t ap fonksyone nan k�k bis yo te f� tounen atelye. Plas timoun te ap fonksyone nan P�toprens ak Jakm�l. Ekspozisyon an te gen tablo Elizabeth Preval, Michele Obama, Premye dam peyi Etazini an, ak Jill Biden, l� 2 p�sonalite sa yo te vizite Ayiti d�ny�man an.